JESUS ARMY
JESUS CENTRES
MULTIPLY NETWORK
CHRISTIAN COMMUNITY
FACEBOOK
FLICKR PHOTOS
FOLLOW ON TWITTER
THE MJA BLOG
JESUS ARMY MULTILINGUAL ONLINE BIBLE
Haitian Creole

Choose a Bible
Select book or range
Type your search text here

Ignore case
Highlight
Exact phrase Ignore Word Order Any words
Chapter

Haitian Creole, 1 Timote 3 (1 Timothy 3)

1   ¶ Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l' dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay.

2   Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a.

3   Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan.

4   Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè.

5   Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a?

6   Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan.

7   Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan.

8   ¶ Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan.

9   Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp.

10  Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.

11  Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.

12  Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.

13  Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.

14  ¶ M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan.

15  Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.

16  Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.


1 Timote 2
   (1 Timothy 2)  
 Choose Book & Chapter    1 Timote 4
(1 Timothy 4)   

Haitian is spoken by 7,382,000 people: 7,000,000 in Haiti, 159,000 in Dominican Republic, 200,000 in USA, 12,000 in Canada, 11,000 elsewhere.

French Haitian Creole Version. EBEX (Ecole Biblique par Extension) bib la tankou "Online Bible" teks pa Sosyete Bib Ayisyen nan travay pa Mark Emerson (pou EBEX) ak Raymond Hamilton (pou Biblesoft) ak Larry Pierce (pou Online Bible).


Licensed to Jesus Army. All Rights reserved. (Script Ver 2.0.2)
© 2002-2012. Powered by BibleDatabase with enhancements from the Jesus Army