JESUS ARMY
JESUS CENTRES
MULTIPLY NETWORK
CHRISTIAN COMMUNITY
FACEBOOK
FLICKR PHOTOS
FOLLOW ON TWITTER
THE MJA BLOG
JESUS ARMY MULTILINGUAL ONLINE BIBLE
Haitian Creole

Choose a Bible
Select book or range
Type your search text here

Ignore case
Highlight
Exact phrase Ignore Word Order Any words
Chapter

Haitian Creole, Malachi 4

1   ¶ Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.

2   Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.

3   Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

4   ¶ Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m' lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.

5   Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.

6   Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.


Malachi 3    Choose Book & Chapter    Matye 1
(Matthew 1)   

Haitian is spoken by 7,382,000 people: 7,000,000 in Haiti, 159,000 in Dominican Republic, 200,000 in USA, 12,000 in Canada, 11,000 elsewhere.

French Haitian Creole Version. EBEX (Ecole Biblique par Extension) bib la tankou "Online Bible" teks pa Sosyete Bib Ayisyen nan travay pa Mark Emerson (pou EBEX) ak Raymond Hamilton (pou Biblesoft) ak Larry Pierce (pou Online Bible).


Licensed to Jesus Army. All Rights reserved. (Script Ver 2.0.2)
© 2002-2012. Powered by BibleDatabase with enhancements from the Jesus Army